Lionel Messi “persona non grata” nan peyi Meksik ?  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lionel messi “persona non grata” nan peyi meksik   

Morena Marìa Clemante García, se non yon depite fanm ki pwopoze Chanm depite peyi Meksik, pou yo deklare foutbolè entènasyonal ajanten Lionel Andrés Messi “persona non grata” sou teritwa yo a. 

Depite a, ki se manb Mouvman rejenerasyon nasyonal (Morena) – ki se pati politik prezidan meksiken Andrés Manuel López Obrador – fè pwopozisyon sila ak Kòlèg palmantè li yo aprè piblikasyon yon videyo sou rezo sosyal yo ki te montre nimewo 10 ajanten an te mete pye l sou yon mayo seleksyon meksikèn nan ki te atè nan vestyè kote yo te ye a. Lè sa Ajantin te apenn sot bat peyi Meksik nan faz gwoup Koud di mond lan, ki òganize nan peyi Kata ane sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou tout dakò, pou n mande SRE (ministè meksiken Relasyon eksteryè yo) pou deklare sitwayen ajanten ak espanyòl Lionel Andrés Messi Cuccittini persona non grata », se sa ki te ekri nan gazèt palmantè Chanm depite a, ayè madi 06 desanm 2022 a. 

« Li evidan, Messi pa sèlman montre li meprize nou, men tou, li manke respè pou koulè ki konpoze drapo nasyonal nou an, sa ki, nan yon pwendevi souveren, kapab konsidere kòm yon konpòtman ki konstitye yon ensilt ak idantite nasyonal nou an », deklarasyon depite a. 

María Clemente García se youn nan de premye lejislatè transeksyèl nan Chanm depite meksiken an ak kolèg palmantè l, Salma Luévano. 

N ap raple, videyo sila lakòz anpil pale nan mond foutbòl la pami kèk lòt, sitou kay fàn yo. Laprès pa bò kote pa l te deklare se pa aksidan foutbolè a te mete pye l sou mayo a. 

N ap raple, ensidan sila te menm lakòz boksè meksiken Saùl « Canelo » Álvarez menase l ap bat Messi byen bat. Men aprè sa, chanpyon an t ap pral prezante Ajanten an eskiz. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.