LKLE mande inite fòs pwogresis yo pou detounen entèvansyon militè nan peyi a 

Lkle Mande Inite Fòs Pwogresis Yo Pou Detounen Entèvansyon Militè Nan Peyi A 

Foto : Dialogo

“Manm leve kanpe pou yon lòt enedependans (LKLE) », fè konnen yo opoze ak desizyon Ariel Henry ki vle yon entèvansyon fòs lame espesyalize nan peyi a, nan yon konferans yo bay laprès vandredi 14 oktòb 2022. Atis angaje Kébert Bastien, manm  LKLE, konsyan sitiyasyon peyi a malouk nan dènye jou sa yo epi li ka vin deteryore plis ak desizyon premye minis Ariel Henry ki mande yon entèvansyon militè etranje nan peyi a. 

Daprè Bastien, « li pa posib pou peyi a sibi yon nouvo entèvansyon militè, sa pa pral chanje lavi mas defavorize yo ». Li kondinye poul di, pou defèt pwojè militè k ap vin okipe teritwa nasyonal la, li enperatif pou fòs pwogresis sektè politik la, nan sosyete sivil la renonse diferans ideyolojik yo epi mete tèt yo ansanm pou anpeche nouvo malè sa nan peyi a. 

Li envite, nan sans sa a, aktè akò Montana yo, pitit Desalin ak Fanmi Lavalas pou mete de kote diferans ki genyen nan mitan yo, pou mennen batay pou souverènte nasyonal la. 

Kanta pou Josué Mérilien, manm «Union nationale des enseignants d’Haïti (UNNOH) », li panse yon nouvo okipasyon etranje ap mennen nan piyaj resous peyi a, ki te kòmanse an 1915, pandan premye okipasyon Ameriken an. 

Daprè Mérilien, Tout fòs nan pwogresis la dwe fè yon sèl pou yo ka fè fas ak awogans okipan yo ak koutye ayisyen yo ki te mande yon entèvansyon militè an Ayiti. 

“Trèt yo, apatrid yo pa pi fò pase nou e yo konnen sa. Nou ka bat yo, si sèlman nou ini fòs nou ak aksyon nou yo. Nou dwe fè li pou lanmou Ayiti,” deklarasyon Mérilien. 

Nan menm inisyativ pou denonse gouvènman sa, LKLE òganize yon antèman senbolik pou Ariel Henry ak tout minis ki te siyen pou mande entèvansyon militè etranje nan peyi a, vandredi 14 oktòb la nan Pòtoprens. 

Quitter la version mobile