Luka Modric kapab kite Real Madrid nan fen sezon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
luka modric kapab kite real madrid nan fen sezon an (1)
Mitan tèren kowat la ki gen kontra l ak Real Madrid k ap fini nan mwa jen k ap vini la, kapab kite kapital espanyòl la nan fen sezon an daprè sa ajans près Foot mercato revele jodi madi an.
Aprè plizyè sezon sou koulè Mezon blanch lan, Lucka Modric sou wout pou kite Real Madrid nan fen sezon an kote yo deja anonse rive l nan chanpyona sawoudyen an sou koulè Al-Nassr, bò kote Cristiano Ronaldo.
Mitan tèren kowat la ki sou dizyèm sezon l ak Real Madrid, sou wout pou mete fen ak long avanti sa kote li reyisi genyen yon palmarès byen ranpli avèk prensipalman 5 Lig dè Chanpyon. Daprè medya sawoudyen “Alyaum”, kowat la ta deja jwenn yon akò ak Al-Nassr.
Balon dò 2018 la kapab kite “merengue” yo nan fen sezon an pou ale nan chanpyona sawoudyen an kote dirijan Real Madrid yo pa gen okenn entansyon bloke transfè sa aprè 10 sezon yo pase ap benefisye sèvis mitan tèren kowat la.
Vis chanpyon dimond 2018 la kapab rejwenn ansyen ekipye l nan Mezon blanch la, Cristiano Ronaldo, nan chanpyona sawoudyen an sou koulè Al-Nassr ki manifeste enterè pou ta gen sèvis mitan tèren kowat la malgre l ap pran laj.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.