Manchester United pye pou pye dèyè Mancheter city

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
manchester united pye pou pye dèyè mancheter city

Jodi dimanch lan, Machester United bimen Leicester nan Old Trafford la 3-0, ak yon Marcus Rashford ki kontinye ap montre li anfom. Viktwa sa mete Red Devils yo nan do Citizen yo ak 3 pwen sèlman. San bliye David de Gea ki rive fè 180 match anba gòl United la san pran gòl sou 401 match li jwè.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manchester United kontinye ap mete presyon sou Asrnal ak Manchester City. Reds Devils yo fè yon lòt viktim nan premier League la, kote yo bat Leicester 3-0 ak 2 gòl Marcus Rashford epi yon lòt gòl Sancho. Gadyen espanyòl la fè 180 match san pran gòl anba kan ekip United la.

 

Ekip Erik ten Hag la kontinye ap montre fòm yo nan Premier League la, fas yon ekip Leicester ki 14zyèm nan klasman pat fòse yo pran 3 pwen sa ki mete yo nan do ekip Manchester City a ki 2zyèm.

 

Mancheter ki genyen sanl pa jwe ak 2 ansyen jwè Real Madrid yo : Varane ak Casemiro. Ekip Leicester a te komanse bay Reds Devils yo pwoblèm nan kòmansman match la. Men nan 25kyèm minit Marcus Rashford ta pral ouvè mak la, epi pase Foxes yon lòt gòl nan 56zyèm minit. Dènyè gòl la, ta pral vini tou swit aprè ak Jadon Sancho nan 61nyèm minit.

 

Mancheter ki gen yon semen chaje, yon match enpòtan fas ekip Barcelone lan, pou baraj Europa Ligue la epi final Carabao Cup la fas ekip Newcastle la dimanch nan Wembley a..

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive