Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante lendi 19 septanm 2022 a, yon tablo lekòl ki te atake nan depatman Latibonit, pandan mouvman manifestasyon yo.
Vrèmanvre, pandan manifestasyon nan lari nan depatman Latibonit 15, 16 ak 17 septanm 2022, manifestan atake plizyè enstitisyon prive ak piblik. Lekòl ki gen pwòp pitit yo pa te epanye.
Nan reyinyon jodi 19 sektanm lan, otorite @MENFP_Education fè evalyasyon atak kont lekòl e etidye entèvansyon ki dwe fèt pou rantre lekòl la. Tablo sa prezante 16 lekòl nan latibonit ki sibi anpil dega.
Pwoteje lekòl se pwoteje travay anseyan, se pwoteje avni timoun yo ak peyi a pic.twitter.com/7YO9ISEqQ4
— MENFP Education Haiti (@MENFP_Education) September 19, 2022
Pandan atak sa yo, 16 lekòl te sibi gwo domaj. Daprè rapò pasyèl Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante nan dat 19 septanm 2022 la.
Pami yo, 7 lekòl piblik, 7 lekòl Katolik Women, yon lekòl prive legliz Episkopal Anglikan ak yon lekòl prive. Se pou pi piti sa nou ka konstate nan tablo Ministè a te pibliye a.
Tablo sa a fèt apre yon rankont evalyasyon ki te fèt lendi 19 septanm 2022 ant Minis Nesmy Manigat ak Direksyon Depatmantal Edikasyon yo alantou atak sou lekòl yo.
Se sak fè, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse yon apèl bay popilasyon yo nan divès depatman peyi a pou pwoteje enfrastrikti lekòl yo.
“Pwoteje lekòl se pwoteje travay pwofesè yo se pwoteje avni timoun yo ak peyi a tou” ekri Minis a nan yon mesaj li te pibliye sou kont Twitter li lendi 19 septanm nan.
Facebook Comments