Manifestan nan Jakmèl piye epi mete dife nan yon biwo EDH 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
manifestan nan jakmèl piye epi mete dife nan yon biwo edh

Manifestan nan komin Jakmèl, depatman Sidès, piye epi mete dife nan yon biwo administratif Elektrisite Ayiti ki nan Jakmèl nan sware lendi 19 septanm 2022 an. 

Nan yon mesaj sou rezo sosyal yo, EDH  konfime ensidan sa ki rive nan youn nan biwo li yo ki nan Jakmèl, lendi 19 septanm lan, kote manifestan sakaje, piye epi pote ale divès materyèl enstitisyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Elektrisite Ayiti di li kondane zak sa yo ki rive nan ajans komèsyal EDH la ki, pou enstitisyon an, sanble tèt koupe ak de zak sovaj k ap frajilize pi plis toujou fondman enstitisyon sa ki se yon patrimwàn nasyonal. 

Toutfwa, enstitisyon an lanse yon apèl pou mande yon kalm ak trankilite bò kote pwotestatè yo pandan moman twoub ak konfizyon sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.