Men kèk bagay ki ka anpeche yon fanm voye lè l ap fè bagay   

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
men kèk bagay ki ka anpeche yon fanm voye lè l ap fè bagay   

Anpil gason plenyen lè y ap fè bagay ak yon fanm, yo wè fanm nan pa janm voye, medam yo tou pleyen anpil paske yo pa ka jwi feeling sa lakay yo. Osi biza sa ka parèt, anpil koup konn menm rive kraze akòz bagay sa. Paske tou 2 moun swa k ap fè bagay yo youn ap lage fot la sou lòt. San nou pa antre nan kilès ki gen tò ak kilès ki gen rezon. Nan atik sa, n ap detaye pou ou kèk rezon ki  kapab lakoz sa. 
 

Anvan menm nou touche gran pwen ki konstitiye sijè sa a, n ap defini kisa ki yon ògas seksyèl oubyen ki definisyon sansasyon voye a. Tout platfòm rechèch defini l daprè kèk etid syentifik yo : se yon eta kote ou ajite nan yon pwen ou prèske pèdi kontwòl kò w. Se dènye pwent plezi an, kontraksyon ap fèt nan kèk pati ki lye ak pati jenital la. Gen diferan lòt fason li kapab defini ankò. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou yon fanm rive atenn ògas seksyèl li oubyen (vini), li pa depann si l akonpanye oubyen si li pou kont li, pandan moman plezi a. Li ka rive « vini » nan tou 2 ka yo, konsa tou li ka pa rive atenn objektif la. 

Men yon lis rezon ki ka anpeche yon fanm voye lè l ap fè bagay. 

  1. Move kwayans sou koze fè bagay

Gen moun ki di tèt yo, fè lanmou se pou satisfè dezi patnè yo oubyen se yon bagay Bondye kreye pou fè pitit oswa fanm pa ta dwe twò chofe nan sa. Se yon ansanm lide ki kapab bloke men ki kapab retire nan dispozisyon w pou w vini. 

  1. Souvni kadejak oubyen abi seksyèl

Se yon bagay ki kouran, elas!  nan peyi Dayiti, anpil tifi sibi kadejak swa pandan yo gran oubyen pandan yo te pi piti. Souvni sa yo souvan remonte lè yo nan pozisyon sa yo. Toutotan blesi sa pa geri gras ak kèk seyans kay yon sikològ espezyalize sa kapab tounen yon gwo blokaj nan lavi seksyèl fi a. 

  1. Mank konfyans nan yon patnè

Yon mank konfyans ka kreye blokaj paske davans, ou di tèt ou patenè sa pa p kapab regle anyen. 

  1. Relasyon seksyèl rapid

Li toujou konseye pou pran tout tan w lè w ap fè bagay, sitou si w vle jwi. Mete anpil atansyon ak kominikasyon sou fason n ap poze chak jès pandan moman an, tankou fason l ap touche pati jenital ou elatriye. 

  1. Koz maladi

Genyen plizyè maladi ki ka afekte seksyalite yon fanm tankou «candidose génitale». Se sèlman yon doktè ki kapab deklare maladi sa lakay ou epi ba w trètman pou li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.