Yon amann 12 mil goud pou machin k ap sikile san nouvo plak yo 

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
yon amann 12 mil goud pou machin k ap sikile san nouvo plak yo 

Direksyon jeneral enpo (DGI) avize tout chofè ak pwopriyetè machin sou mezi ki pran pou egzèsis fiskal 2022-2023 a kote gen yon amann 12,000 goud ki prevwa pou machin ki pa gen nouvo plak yo. 

Nan yon avi ki te pibliye nan dat 30 novanm 2022 an, DGI te deja envite tout chofè ak pwopriyetè machin pou vin regilarize imatrikilasyon machin yo ak nouvo plak Leta ayisyen mete disponib pou ane fiskal sa, sou pèn gwo sanksyon. 

Nan bidjè pou egzèsis 2022-2023 a, genyen yon amann 12,000 goud ki prevwa pou tout machin ki pa an règ ak nouvo plak imatrikilasyon an kote pwopriyetè machin yo gen pou peye nan dat premye pou rive 31 desanm chak ane jan dekrè 26 me 2006 la mande sa. 

Direksyon jeneral enpo fè konnen nouvo plak imatrikilasyon yo disponib nan divès biwo li yo kote kontribiyab yo kapab vin fè demann yo pandan y ap gen pou mache avèk tout dokiman ki jeneralman egzije nan pwosesis sa. 

N ap raple, pou egzèsis fiskal sa, Leta ayisyen adopte yon bidjè 267,5 milya goud kote ladan l gouvènman an plas la prevwa òganizasyon eleksyon jeneral nan peyi an pandan ane 2023 a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia