Men rezon ki fè Messi siyen nan Inter Miami

Men Rezon Ki Fè Messi Siyen Nan Inter Miami

men rezon ki fè messi siyen nan inter miami

Aprè transfè li nan Inter Miami olye Barcelone ak Al-Hilal, Lionel Messi bay yon entèvyou avèk « Mundo Depertivo », yon fason pou l bay plis eksplikasyon sou rezon ki fè se nan MLS la li ale. Chanpyon mondyal 2022 a fè konnen « li vle viv foutbòl la yon lòt jan ».

Atakan ajanten an te mete FC Barcelone ak Al-Hilal nan mache prese pou yo te kapab siyen l. Ansyen jwè PSG an chwazi al jwe nan peyi Etazini pito. Pou rezon sa, li bay jistifikasyon jodi mèkredi a sou chwa li an nan Inter Miami kote l pataje kèk pawòl enpòtan ak fanatik li yo.

« M te kontan, m te vle retounen nan Barcelone men m te deja viv eksperyans sa lè m te kite klèb la. M pa t anvi konnen menm bagay la ».

« Mwen siyen nan Inter Miami, m vle viv foutbòl la yon lòt fason, paske aprè m te fin genyen mondyal 2022 a, m pa kwè m tap tounen nan FC Barcelone. M te jwenn anpil lòt òf an Ewòp men se sèl Barça ki te entèrese m. »

Ajanten an te kontinye pou di :  » M wè Barcelone te nan difikilte pou lajan, kote fòk yo te vann jwè, bese kèk salè. M kwè liga te aksepte tout bagay sa yo, men sa pa t anpeche gen lòt bagay ki te dwe fèt. M konte retounen nan FC Barcelone yon jou. M pa konnen, men se klèb m renmen an. M renmen afeksyon fanatik yo. M espere yon jou m ap rejwenn yo. Xavi te vle m vini, men klèb la pa t rasire m ak 100%. Se pa pou lajan non plis m siyen nan Inter Miami, sinon m ta prale an Arabi Sawoudit ».

Quitter la version mobile