Nan yon nòt piblik ki pibliye jodi madi 30 avril la, Konsèy prezidansyèl la ki apèn pran tèt peyi a adrese l ak nasyon an pou eksprime tristès li fas ak sitiyasyon malouk sa peyi a ap konnen depi kèk tan.
Nòt sa ki pote siyati prezidan konsèy la, Edgard Leblanc Fils, ale jwenn patikilyèman travayè yo ansanm ak patwon yo ki pa janm lage bay malgre jan sitiyasyon an mangonmen kote ensekirite an ap vale tèren, mizè popilasyon an pa sispann ogmante.
Konsèy la ki konsyan de defi k ap tann li yo, fè konnen li rete detèmine pou l travay san pran souf nan kad misyon l pou fè sekirite tounen tabli nan peyi a, garanti lavi, byen ak biznis tout moun, rebay Leta fòs ak otorite pou dirije Nasyon an.
N ap raple, konsèy 9 manm sa genyen ladan l Edgard Leblanc Fils kòm prezidan, Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Leslie Voltaire, Fritz Alphonse Jean, Laurent St-Cyr epi Frinel Joseph ak Régine Abraham kòm manm obsèvatè.
Source photo: gazette haiti