Nan yon kominike ki pibliye nan dat 8 desanm 2022 a, Ministè jistis ak sekirite piblik envite popoilasyon an pote plent nan Sèvis enspeksyon jidisyè ki nan Ministè a sou move konpòtman komisè ki nan Pakè yo.
Ministè jistis ak sekirite piblik (MJSP) raple ak tout jistisyab yo Sèvis enspeksyon jidisyè ki chita kò l anndan Ministè a pare pou resevwa tout plent ak repwòch kont komisè nan Pakè yo ak tout pèsonèl jidisyè ki sou kont li yo.
Nan nòt sa ki pote siyati Minis tou nèf la, Emmelie Prophète Milcé, Ministè a bay garanti ak tout popilasyon an tout plent ki depoze yo ap trete anndan Sèvis enspeksyon jidisyè ministè a nan yon delè ki pa depase yon mwa.
Ministè jistis ak sekirite piblik fè konnen, yon fwa plent yo trete anndan Ministè a, Sèvis enspeksyon jidisyè a ap kominike pleyan yo desizyon ki pran konsènan plent yo an.
Yon desizyon ki vini nan yon moman kote anpil komisè nan Pakè 18 jiridiksyon peyi a souvan akize kòmkwa yo ta enplike nan zak koripsyon sou tout fòm, pami yo pran lajan pou libere moun nan prizon yo.