Mizik : Nu-Look ap Ayiti soti 12 pou rive 15 dawout

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Akoz konjonkti politik ak ensekirite k ap taye banda depi kèk tan nan peyi a, sitou nan kapital pòtoprens, anpil gwoup mizikal nan Diaspora a pa deside antre ayiti yon fason pou pwoteje mizisyen yo ak fanatik ki pral deplase ale nan sware yo.

Nu-Look , deside antre nan peyi dayiti pou Yon toune ki p ap twò long. Soti 12 dawout pou rive 15 dawout 2021 an, gwoup Akinson Bélizaire ( ZigiZag Zagalo ) reprezante Ayiti ap pile sòl peyi a espesyalman vil okap, wanament, ti gwav ak okay pou fete ( la Notre Dame ) ak yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple pou nou, pandan Covid-19 t ap fè ravaj nan peyi a nan fen ane ki sot pase a, Nu-Look sete sèl gwoup nan diaspora a kote antre vin jwe ayiti e te gen yon bal yo te jwe pou chèf gang Izo nan dat 27 desanm 2020 an kite lakoz anpil pale sou rezo sosyal yo e nan sosyete a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article