Moïse Jean Charles anonse gwo mouvman pou demen vandredi a pou bat Ariel Henry 

moïse jean charles anonse gwo mouvman pou demen vandredi a pou bat ariel henry 

Jedi 8 septanm 2022 sa a, lidè estrikti politik « Pitit Desalin » nan, Moïse Jean Charles, bay yon konferans pou laprès nan Delmas 41 kote li mande popilasyon an mobilize pou yon gwo mouvman sou wout ayewopò entènasyonal Toussaint L’ouverture a demen kap vandredi 9 septanm lan, nan sousi pou anpeche Ariel Henry rantre nan peyi a. 

Pandan plizyè milye moun ap manifeste atravè diferan rejyon nan peyi a, kont lavi chè, ensekirite, sitou pou mande demisyon PM Ariel Henry nan tèt peyi a. Alòske chèf primati a te kite peyi a, ayè mèkredi 7 septanm 2022 a pou peyi Florid pou l ka “rankontre yon gwoup antreprenè ki enterese envesti nan peyi a” dapre yon tweet premye minis lan te fè. 

Nan sans sa a, lidè estrikti politik Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles, nan konferans sa a kalifye PM Ariel Henry kòm irèsponsab paske li te kite peyi a k ap viv yon gwo tansyon anti-gouvènmantal nan yon moman kote popilasyon an ap mobilize nan lari yo. 

Alòske li dwe retounen vandredi sa a, ansyen palmantè a mande popilasyon an pou bloke tout wout ayewopò entènasyonal Toussaint L’ouverture a, yon fason pou yo ka bat Ariel Henry epi anpeche l retounen nan peyi a demen. 

 

Quitter la version mobile