Mondyal 2022 : men pi bon gadyen nan koupdimonn lan  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 men pi bon gadyen nan koupdimonn lan  

Mondyal la ap kontinye nan peyi Kata, demi final yo ap kontinye. Anpil moun ap swiv gadyen yo k ap ede ekip yo nan retire boul, rete penal ak fè bon parad anba gòl la, Emiliano Martinez, Hugo Lloris, Dominik Livakoviv, Yassine Bounou. Gadyen maroken se pi bon gadyen nan 22e edisyon sa.  

Anpil moun souvan mete aksan sou pèfòmans jwè kap fè gòl yo, men yo bliye pèfòmans gadyen yo anba gòl la, avan demi final la yo jwenn men gadyen ki pi bon anba gòl pami 4 nou fèk site la yo. Gadyen sa se Yassine Bounou, ki se yon gadyen k ap pote ekip Mawòk la nan mondyal la.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yassine Bounou se jwè klèb FC Seviy nan peyi Espay. Misye gen 31 lane, li mezire 1m95. Li gentan jwe 4 match nan mondyal la, li poko pran yon gòl, li pa pran katon jòn. Se yon gadyen ki ede ekip Mawòk la anpil nan faz eliminasyon dirèk yo. Sèl gòl ekip Mawòk la pran se yon jwè ekip la ki te fèl.  

Gadyen ekip FC Seviy a ap ekri yon paj listwa ak peyi Mawòk la, se premye fwa nan listwa nan zafè koupdimonn yon peyi afriken rive nan demi final. Yon rèv Lyon Atlas yo pral pouse pi lwen fas champyon an tit yo ki se ekip Frans lan. Match sa ap jwe jodi nan stad Al Bayt la.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive