Nasyonzini mande pou aleje dèt peyi d Ayiti 

nasyonzini mande pou aleje dèt peyi d ayiti 

Òganizasyon Nasyonzini (ONU, nan sig fransè) mande pou peyi ki rich yo retire nan dèt lòt peyi ki pòv yo nan mond lan, pami yo Ayiti. Enstans lan atravè PNUD, ki se “Programme des Nations unies pour le développement”, fè konnen peyi ki rich yo dwe aji byen rapid pou sa fèt paske “ yo gen resous pou sa”. 

PNUD deklare genyen 54 peyi ki genyen plis pase mwatye moun ki pi pòv nan mond lan, genyen 10 pami peyi sa yo ki nan Amerik latin nan epi ki bezwen yo retire nan dèt yo genyen anvè lòt peyi yo pou evite yon kriz san parèy. 

Pami peyi sila yo genyen Ajantin, Venezyela, Kiba, Ekwatè, Salvadò. Genyen lòt peyi ki enpòtan tou nan rès mond lan tankou Ikrèn, Ejip, Pakistan, Irak ak Afganistan. Toutfwa pi fò lis lan se peyi ki nan Afrik sibsaaryèn ki konpoze l. 

Daprè yon rapò, si Eta sila yo pa rive peye dèt yo, y ap genyen yon bon ogmantasyon povrete lakay yo, epi yo pap janm ka fè envestisman pou pwoteje tèt yo kont chajman klimatik la. 

Patwon ajans lan, Achim Steinzr souliyen 19 pami 54 peyi sila yo ap peye pou kounya plis pase 10 pwen pousantaj anplis sou sa Trezò ameriken an bay pou finanse mache a, sa ki lakòz yo paka jwenn aksè ak fon. Epi 54 peyi sila yo reprezante sèlman 3% nan ekonomi mondyal la. 

« Aleje dèt peyi sila yo se yon ti kal efò l ap ye pou peyi rich yo, yo pap pèdi anyen », daprè li menm. Responsab la ajoute : « Nou paka pèmèt pou n ap repete erè sa. Pou n pa ede ase, oubyen pou n ap ede twò ta nan jesyon fado dèt ekonomi devlopman ». 

N ap raple PNUD lanse apèl sila jis avan reyinyon minis Finans G20 yo ta dwe kòmanse nan Wachinnton, Ozetazini, pandan semèn sa nan kad reyinyon anyèl Bank mondyal ak FMI (Forum Monétaire International) fè. 

Ajans lan mande pou gen negosyasyon ki kòmanse fèt sou rekonstriksyon dèt yo pandan reyinyon sila, nan lide pou evite kriz la vin yon kriz devlopman a lon tèm.  

Quitter la version mobile