Ofisyèlman, Mirlande Manigat prezidant Wo konsèy tranzisyon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
mirlande manigat, prezidant wo konsèy tranzisyon an
Madam Mirlande Hyppolite Manigat vini prezidant Wo konsèy tranzisyon an aprè yon konsansis ki jwenn ant yo 3 manm estrikti sa. Yon enfòmasyon konsène a konfime nan yon entèvyou ak jounal lokal la « Le Nouvelliste ».
Ansyen sekretè jeneral RDNP a ki reprezante sektè politik la nan Wo konsèy tranzisyon an, chwazi kòm prezidant estrikti sa ki pran nesans apati akò 21 desanm lan ki te siyen ant Primati ak divès pati politik ak òganizasyon sosyete sivil.
Nan entèvyou sa li bay Le Nouvelliste la, Mirlande H. Manigat fè konnen, chwa li menm kòm prezidant HCT a vini aprè yon konsansis ant yo 3 manm ki konpoze estrikti sa san yo pa t oblije ale nan òganize eleksyon.
Ansyen kandida pou pòs prezidan nan eleksyon 2010 yo fas Michel Joseph Martelly a fè konnen, nan menm entèvyou sa, yo poko defini yon modèl fonkyonnman pou HCT a kote jiska kounye a a desizyon yo se atravè konsansis yo pran nan estrikti sa.
N ap raple, Wo konsèy tranzisyon sa Premye minis Ariel Henry mete sou pye pandan kòmansman ane a genyen ladan l 3 manm, Mirlande H. Manigat, Calixte Fleuridor ak Laurent Saint-Cyr, kote yo te rive enstale semèn ki sot pase a nan Ministè komès ak endistri.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.