Omwen 15 polisye mouri nan 2 semèn

Omwen 15 Polisye Mouri Nan 2 Semèn

omwen 15 polisye mouri nan 2 semèn

Omwen 6 polisye mouri anba bal bandi k ap opere nan zòn Lyankou, nan depatman Latibonit, ayè mèkredi 25 janvye 2023 a.
Aprè kriminèl yo te fè tantativ pou pran daso sou komisarya zòn nan a plizyè repriz, polisye sila yo te fè yon entèvansyon pou repouse yo, men malerezman yo mouri, se sa nou aprann.
Nan moman atak la, fòs lòd sila yo t al refijye yo anndan dispansè Mono Dwè a akòz plizyè nan yo te blese, bandi Lyankou yo atake sant sante a, krible li ak bal, yo ale ak polisye sila yo nan Savyen epi touye yo, daprè Komisè gouvènman Sanmak la, ki rapòte genyen plizyè bandi ki mouri tou nan kad batay sila.
Alòske ensekirite a ap vale teren, li pa kite dèyè Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Depi kòmansman ane 2023, plizyè gadyen lapè mouri anba bal bandi ak zam, keseswa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan oubyen nan vil pwovens yo.
PNH la kontinye ap konte viktim nan ran li yo, nan mwens pase 2 semèn omwen 15 polisye tonbe anba bal bandi, keseswa nan Kafoufèy, nan Vilaj de Dye (Matisan), Metivye (Petyonvil), ak nan Ri Chareron, nan sant vil Pòtoprens.
Malgre tout pèt sa yo Direksyon jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (DGPNH), ki gen nan tèt li Frantz Elbé, rete bèkèkè alòske enstitisyon an ap degrennen ti kal pa ti kal.
N ap raple, polis nasyonal la pran nouvo kou sila kèk jou aprè mesye Frantz Elbé te rann vizit, lendi 23 janvye a, ak fanmi polisye komisarya Petyonvil yo ki te mouri nan anbiskad bandi gang Vitelhomme Innocent te tann pou yo nan Metivier nan jou ki sot pase yo.
Quitter la version mobile