Reprezantan Pwogram Alimantè Mondyal la nan peyi d Ayiti (PAM) pran lapawòl pou denonse zak piyaj plizyè moun fè sou depo òganizasyon an nan jou ki sot pase yo Okay. Anpil moun pral soufri akòz sa daprè li menm.
Jean Martin Bauer, ki reprezante PAM pa bò isit, deklare ayè jedi 22 septanm nan se plis pase 46 mil moun ki nan sitiyasyon ijans alimantè nan Sid peyi a ki pral peye konsekans dechoukay depo òganizasyon an genyen Okay la.
Mesye Bauer deklare anyen pa jistifye zak sila, pandan l t ap kondane atak ki te fèt sou depo òganizasyon an nan plizyè kwen peyi a tankou Okay ak Gonayiv, li te tou pwofite mande pou popilasyon an bal chans pou travay la ka kontinye.
N ap raple, nan dat 16 septanm pase a, plizyè dizèn manifestan te piye ak boule yon biwo ak yon depo manje PAM nan vil Gonayiv. Branch Nasyonzini an te fè konnen nan yon nòt, manje sila yo, swa 1400 tòn mèt manje, tap pral nouri timoun ki pral lekòl yo nan plizyè rakwen peyi d Ayiti. Kounya sa pa p ka fèt daprè Pwogram Alimantè Mondyal.
Facebook Comments