Pati MTV Ayiti retire kò l ofisyèlman an akò 11 septanm nan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pati mtv ayiti retire kò l ofisyèlman an akò 11 septanm nan
Nan yon korespondans ki adrese ak Premye minis Ariel Henry vandredi 7 oktòb 2022 a, pati Mouvman pou transfòmasyon ak valorizasyon Ayiti anonse ofisyèlman li retire kò l nan akò 11 septanm nan akoz okenn nan objektif ki te fikse nan akò sa pa akonpli.
Daprè korespondans sa, dezisyon Premye minis Ariel Henry pran pou ogmante pri gaz la byen wo pandan popilasyon an ap fè fas ak yon enflasyon ki plis pase 30%, montre a klè endiferans li fas ak move kondisyon lavi moun yo. Yon rezon anplis ki ta motive dezisyon pati politik la.
Daprè MTV Ayiti, desizyon monte pri gaz la gen gwo konsekans sou kondisyon lavi sak pi mal yo, sa ki lakoz tout mouvman pwotestasyon sa yo nan lari a avèk wout yo ki bloke divès wout nan kapital la ak rejyon nan peyi a.
Malgre tout sa, gouvènman an plas la fè silans. Yon silans pati MTV Ayiti entèprete kòm yon mepri fas ak popilasyon an, epi kòm yon aksyon konplisite ak sektè sa yo k ap detwi peyi a, daprè sa nou kapab li nan korespondans sila a.
Mouvman pou transfòmasyon ak valorizasyon Ayiti (MTV Ayiti) mansyone dènye deklarasyon Premye minis la ki pa pwopoze okenn solisyon fas ak kriz peyi a ap konnen an, men ki okontrè agrave sitiyasyon an avèk zak piyaj ki fèt sou plizyè biznis moun.
MTV Ayiti rekonèt rantre nan akò 11 septanm Ariel Henry a se te yon erè e kwè yo kapab repare l avèk sòti yo definitivman nan akò sa ki lakoz nan moman yo t ap rantre a anpil manb ak moun ki te adere ak pati a te vire do ba li.
Toutfwa, MTV Ayiti a di li pare pou diskite epi travay ak tout sektè kle nasyon an pou kapab abouti ak yon tranzisyon koupe fache epi refonde Leta a.
Nan lide pou gen yon amelyorasyon nan kondisyon lavi popilasyon an, MTV Ayiti pwopoze pou gouvènman an tounen sou desizyon ogmante pri gaz la; ogmante salè minimòm nan ak 1000 goud; ogmante kontwòl nan dwàn yo, anile tout franchiz dwàn yo; aplike yon kontwòl rèd sou taks yo nan DGI; bay dokiman lagal ak tout moto e kontwole sikilasyon yo sou teritwa a; redwi depans nan Leta epi konbat fenomèn banditis la pou pèmèt lapè tounen sou tout teritwa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.