Pòtoprens te fè eksperyans ak lòt jou ajite ayè mèkredi 14 septanm lan, kote plizyè sitwayen ayisyen te pran lari a pou pwoteste kont desizyon gouvènman Ariel Henry a pran pou ogmante pri gaz nan ponp yo.
Pandan twazyèm jounen mobilizasyon an, popilasyon an te tou pwofite sabote kèk bank komèsyal nan Petyonvil yo kontre sou wout yo. Manifestan yo te pase nan yon nouvo faz mèkredi 14 septanm sila nan mouvman pwotestasyon yo nan Petyonvil.
Olye pou yo mete barikad oubyen boule kawotchou jan yo konn abitye fè sa, yo te itilize yon nouvo estrateji ki se piyaj ak sabotaj. Manifestan yo te piye kèk biznis ki te sou chimen yo, tankou yon boutik ki vann pwovizyon alimantè ak lòt magazen.
Piyè yo ki pa t jwenn okenn rezistans nan zak yo te pran tout bagay. Epi yo te kontinye sabote plizyè sikisal bank nan Petyonvil tankou Sogebank ak Unibank pandan mwatye jounen an.
Facebook Comments