Ajisteman pri gaz la : Pati politik Boukliye di Ariel Henry montre enkapasite li pou li rezoud kriz ki nan peyi a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Ajisteman pri gaz la : Pati politik Boukliye di Ariel Henry montre enkapasite li pou li rezoud kriz ki nan peyi a 

Pati politik Boukliye nan yon nòt pou laprès ki pibliye mèkredi  14 septanm sa, mande Premye Minis Ariel Henry pou li demisyone. Pati  Politik sa fè konnen  li remake enkapasite premye minis la pou rezoud kriz  sa kap ravaje peyi a  ki lakòz pèp Ayisyen an ap pase mizè. 

Nan nòt li a, pati politik Boukliye a di tout batay sa kap mennen kont Ariel Henry nan kapital la ak nan vil pwovens yo ; kont ratman gaz ak lavi chè a, Premye Minis la montre enkapasite li pou li rezoud kriz la lè li deside ajiste pri gaz la malgre konsekans li konnen sa ka genyen. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, Pati sa a mande Ariel Henry pou li demisyone san pèdi tan pou san pèp la sispann koule pou biznis yo ka kontinye fonksyone nan peyi a. Pati Boukliye fè konnen tou si Ariel Henry pa  demisyone anvan li twò ta, li pral responsab pou tout sa k ap pase nan peyi a kounye a. 

Yon lòt bò pati a di apre demisyon Ariel Henry, yon minis nan gouvènman pral asime pwovizwa a pandan aktè yo pran chimen dyalòg pou jwenn yon konsansis pou enstale yon gouvènman bisefal ki kapab abòde pwoblèm yo epi òganize eleksyon yo nan peyi a jan sa dwe fèt. 

“Kidonk, pati Bouclier ap mande tout  popilasyon an pou yo kenbe flanbo mobilizasyon an jiskaske viktwa final la rive”, konkli pati politik la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.