Plizyè imèb enstitisyon andomaje ak kout wòch sou Dèlma 

Foto : ODELYN JOSEPH / AP

Pèp la andyable depi aprè Premye minis Ariel Henry te fin adrese l ak nasyon an pou di nan jou k ap vini la yo pri gaz la ap monte nan estasyon esans yo. Jodi madi 13 septanm 2022 a, plizyè imèb ki gen enstitisyon ladan l yo viktim anba kout wòch moun k ap manifeste. 

Sòti anba Delma pou al bout anlè Petyonvil, se pa de wòch pwotestatè yo pa tire sou divès antrepriz ki sou lari, pandan yo t ap deklare « fòk Ariel Henry demisyone ak tout André Michel sinon y ap mete dife ». 

Depi maten nan zòn Delma 83, 87 ak 89, pami kèk lòt, plizyè endividi ki bare vizaj yo, boutèy, baton ak wòch nan men yo, sible plizyè gwo antrepriz ki sou lari. Yo pa bezwen si yo gen moun anndan yo. Konsa tou yo atake plizyè chofè motosiklèt ki t ap eseye fè trafik ak kèk kliyan. Gen moto yo menm kraze epi bat mèt yo. 

Anpil nan moun k ap fè vwa yo pase kont sitiyasyon aktyèl la tou pwofite wè kijan yo ka dechouke kèk biznis. Tankou nan Delma 64, plizyè nan yo te eseye kase yon sikisal BUH (Banque de l’Union Haïtienne), pami kèk lòt biznis.  

N ap raple tout peyi lòk jodia madi a swit ak mouvman pwotestasyon ki te kòmanse pran ayè 12 septanm nan. Pèp la di yo pa p bay vag paske fòk Premye minis Ariel Henry bay demisyon l. L ap mal gouvène, lavi a chè, pa gen gaz epi ensekirite a ap souflete yo, li pa di anyen. 

Quitter la version mobile