Pòdepè : lapolis tiye yon chèf gang, 2 sòlda arete 

pòdepè lapolis tiye yon chèf gang, 2 sòlda arete 

Nan kad yon operasyon lapolis te mennen ayè 26 septanm la nan vil Pòdepè, ajan fòs lòd yo tiye ak bal, Johnley Pierre, alyas Lélé, ki se chèf yon gwoup kriminèl ki baze nan zòn  » 3 Rivyè. » 

Pandan operasyon sa a, 2 lòt bandi ki se akolit Lélé, te jwenn arestasyon yo. Yo se; Saintil Edler 19 lane ak James Eugène ki genyen 32 lane. 

Li enpòtan pou n  raple, semèn pase a lapolis te  rekipere 2 zam ki te nan men bandi san fwa ni lwa,  2 chèf gang vale batistè yo ; Loubert Belmont alyas Met Kafou, jou ki te mèkredi 21 septanm 2022 a, epi dènye a ki se, Johnley Pierre alyas Lele, ayè lendi 26 septanm lan. 

Pi lwen, Direksyon Depatmantal Nòdwès la felisite sipò popilasyon an, ki te pèmèt operasyon sa a reyisi. 

Quitter la version mobile