Popilasyon an bezwen dlo trete, yo paka jwenn li 

Aprè gaz ki pa genyen sou teritwa kounya se tou pa dlo, sitou dlo trete. Kapital la Pòtoprens pral sou omwen 3 jou depi pyès moun paka jwenn dlo pou achte, swa pou sèvi oubyen pou bwè. Anpil moun kòmanse plenyen bay otorite yo fas ak sitiyasyon an.  

Sòti depi Petyonvil pase pran Delma pou al bout nan Plèn nan gen yon ratman dlo k ap sakaje moun yo, pami plizyè lòt zòn. Machin dlo paka pase pou al vann akòz genyen plizyè kwen ki pa pratikab. 

Mouvman pwotestasyon ki gen nan lari a aktyèlman paralize tout aktivite, machin pa sikile oubyen prèske pa sikile, pami yo kamyon dlo yo. Moun oblije pran wout a pye pou al chache wè si yo ka jwenn dlo byen lwen. Men pa gen pyès garanti y ap jwenn, jwenn dlo pou achte se sou de chans. 

Direktè jeneral DINEPA (Direction Nationale de l’Eau Potable et de l’Assainissement), enjenyè Guito Édouard fè konnen moun k ap pwoteste yo bloke wout ak anpeche machin k ap fè livrezon dlo yo pase. Se sak fè zòn metwopolitèn nan pa genyen. 

DINEPA mande pou yo kite yon koulwa imanitè louvri nan lide pou yo fè apwovizonman dlo nan katye ki nan nesesite yo jan sa dwe fèt. 

Quitter la version mobile