Pòtoprens: Yon poliye UDMO touye 2 chofè moto anba ponp Kafou Tifou a

pòtoprens yon poliye udmo touye 2 chofè moto anba ponp kafou tifou a

2 chofè moto pèdi lavi yo anba ponp gaz kafou tifou a ayè jedi 8 septanm 2022 a, dapre kèk moun ki te temwen se ta yon polisye UDMO ki komèt zak sa a. Viktim yo te vini nan menm kontèks ak polisye a,  » Achte gaz pou yo sèvi ».  

Yon bourara ta pral deklannche, konsa polisye a ta pral rale zam li epi tire sou yon premye viktim, yon dezyèm chofè ki tap revandike zak malonèt polisye a ta pral resevwa yon bal tou nan menm moman an, rapòte kèk moun ki te temwen lè ensidan an. 

Aprè aksyon an plizyè polisye ki te abò yon bakòp nan menm espas la te blije desann al makiye aksyon an, Mesye yo tire anlè yo ale ak kadav 2 chofè yo san oken konsta legal pa fèt, sitiyasyon an te toutswit kreye yon panik nan alantou ponp lan. 

 » Lanmò 2 mesye motosiklèt yo pap rete konsa anba je polisye UDMO malonèt sa yo » selon deklarasyon konfrè viktim yo, chofè yo ki tap deplore zak la te tante mete dife nan ponp lan, gras ak yon ekip ponpye sa pat rive fèt, yon dosye ki riske leve yon nouvo pwotestasyon nan kapital prensipal peyi a, Pòtoprens. 

Quitter la version mobile