Prezidan ameriken an mete Ayiti sou lis peyi kote dwòg pase plis ak sila yo ki nan pwodiksyon l 

prezidan ameriken an mete ayiti sou lis peyi kote dwòg pase plis ak sila yo ki nan pwodiksyon l 

Nan yon memorandòm li remèt ak sekretè deta a, prezidan ameriken an, Joe Biden, mete non Ayiti nan yon lis ki gen yon ventèn peyi nan mond la ki nan pwodiksyon dwòg ak peyi kote trafik yo pa sispann pase pou egzèsis 2023 a. 

Nan memorandòm sa, prezidan ameriken an presize rezon ki lakoz yon peyi twouve l nan lis sa se an fonksyon plizyè faktè jewografik, komèsyal ak ekonomik ki favorize trafik dwòg ak pwodiksyon l, menmsi yon gouvènman aganje l nan pran mezi k ap konbat aktivite sa yo. Pou prezidan ameriken an, prezans peyi sa yo nan lis sa pa gen anyen pou wè ak nivo koperasyon yo ak Etazini. 

Nan lis sa ki pou kounya nan depatman deta ameriken, nou jwenn: Afghanistan, Bahamas, Belize, Bolivie, Birmanie, Colombie, Costa Rica, Repiblik Dominikèn, Équateur, El Salvador, Guatemala, Ayiti, Honduras, Inde, Jamaïque, Laos, Mexique, Nicaragua, Pakistan, Panama, Pérou ak Venezuela. 

Pou egzèsis 2023 a, administrasyon Joe Biden lan prevwa yon bidjè 24,3 milya dola ameriken nan kad estrateji pou konbat trafik dwòg k ap fèt sou teritwa ameriken an kote pou ane 2021 an prèske 108 mil moun ta pèdi lavi yo. Bidjè sa vize egalman, daprè memorandòm sa, gwo envestisman pou kapab redui kantite dwòg k ap sòti deyò pou rantre sou teritwa ameriken an. 

 

Quitter la version mobile