Prezidan Joe Biden pran yon lòt so ankò

Prezidan Joe Biden Pran Yon Lòt So Ankò

prezidan joe biden pran yon lòt so ankò

Definitivman, aktyèl prezidan ameriken an, Joe Biden, sanble gen yon lanmou espesyal li pataje ak zafè rate pa oubyen tonbe pandan dewoulman evènman remakab yo. Ayè jedi premye jen an, pandan yon parad militè nan Colorado Springs, nan lwès Etazini, prezidan Biden pran yon gwo so yon lòt fwa ankò.

Aprè l te fin remèt divès diplòm ak plizyè elèv akademi lame anlè a, nan Colorado, li tonbe sou fas pandan l fin vire. Erezman li gentan pare so a sou jenou ak men l. Ekip kominikasyon l fè kwè pye l ta pase nan yon sak nwa epi l tonbe.

« Li byen. Te sèlman gen yon sak sab sou estrad la pandan l t ap bay lanmen », se deklarasyon direktè kominikasyon l, Ben LaBolt, sou Twitter.

Aprè so a, Prezidan Joe Biden te lonje dwèt sou yon sak ki te sou estrad la, yo sanble te itilize pou kenbe materyèl ki te sou sèn lan. Yon militè ak sekirite rapwoche li yo te ede l leve atè a aprè chit la.

Lokatè Mezon Blanch lan ki gen anpil deba k ap fèt sou kondisyon fizik li ak 80 lane li an pou konnen si l ap ka fè yon lòt manda, pa t sanble afekte aprè sitiyasyon an, li swiv rès seremoni an kè pòpòz.

Lè tout bagay fini, Joe Biden sèlman pran avyon pou l retounen Wachinnton. Li pa t menm kanpe pou reponn kesyon jounalis ki te sou plas yo.

Rive lakay li, li te sèlman fè yon blag sou sa ki pase a nan mikwo laprès.

« Sak sab la fese m atè », se sa l te deklare, an anglè, « I got sandbagged ».

Quitter la version mobile