Ratman gaz : OPC mande otorite yo pou yo Goumen kont mache ilegal pwodwi petwòl yo 

Ratman Gaz : Opc Mande Otorite Yo Pou Yo Goumen Kont Mache Ilegal Pwodwi Petwòl Yo 

Ratman gaz : OPC mande otorite yo pou yo Goumen kont mache ilegal pwodwi petwòl yo 

Biwo Pwoteksyon Sitwayen an (OPC) eksprime yon gwo enkyetid konsènan gwo ratman gaz ki  ap pèsiste nan peyi a depi plizyè mwa. Nan yon komike pou laprès li pibliye madi 13 septanm 2022 a, enstitisyon nasyonal pou pwomosyon ak pwoteksyon dwa moun yo mete aksan sou plizyè konsekans grav kriz gaz sa a  epi yo mande otorite yo pou yo goumen kont mache ilegal pwodwi petwòl la. 

Nan nòt sila, OPC fè remake konsekans rate gaz la gen gwo enpak sou operasyon lopital, anbilans, telekominikasyon, elektrisite, distribisyon dlo potab pou administrasyon piblik ak prive, elatriye… 

Enstitisyon an fè konnen, lè yo pa kapab achte gazolin nan estasyon sèvis yo, itilizatè wout yo ap vire sou mache gaz ilegal, kote pri yo ka jiska 5 fwa pi wo pase nòmal. Se sak fè, Biwo Pwoteksyon Sitwayen an denonse fason chofè piblik yo machin transpò, ki gen ladan taksi motosiklèt, deside enpoze pri yo nan kous yo jan yo vle, san yo ba bay otorite yo regle anyen pou yo. 

An menm tan, OPC di li kondane asasina espektakilè, vandredi 9 septanm 2022 a, sou 2 motosiklis, nan yon estasyon gaz ki chita nan Avni Christophe divès sous rapòte viktim yo ki te rive plen galon yo te gen yon ti diskisyon avèk yon ajan Polis Nasyonal Ayiti (PNH),  epi polisye a te touye yo. 

Se sak fè, OPC mande Enspeksyon Jeneral PNH la pou mennen ankèt sou tout akizasyon ki konsène itilizasyon fòs egzajere kèk polisye fè  pandan dènye manifestasyon yo. 

« Lè nou konsidere gravite sitiyasyon sa a, Biwo Pwoteksyon Sitwayen an mande otorite yo pou yo pran dispozisyon ijan pou yo ka jwenn gaz nan tout ponp gaz »,  ekri OPC nan nòt li a tout pandan li envite pou yo « aplike egzakteman dispozisyon legal ki entèdi espekilasyon ilegal ak ranfòse estrikti kontwòl ki gouvène metòd distribisyon yo ak bon jan kalite pwodwi yo ».

Quitter la version mobile