Repiblik dominikèn deja mobilize kont kolera 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn deja mobilize kont kolera 

Ministè dominiken Sante Piblik la mete an plas plizyè kabann nan plizyè lopital ki sou fwontyè teritwa li a ak peyi d Ayiti, epi fè yon mizajou nan pwotokòl swen li yo. Aprè peyi d Ayiti te anonse li resanse plizyè ka kolera lakay li, gouvènman dominiken ap fè mannèv pou anpeche maladi an rantre lakay li. 

Otorite sanitè yo kay vwazen ogmante tou sewòm pou idrate moun ki ta kontamine ak maladi a, epi fòme yon pèsonèl medikal pou pran sitiyasyon an an chaj, nan kad mezi Repiblik dominikèn ap prepare aprè prezans maladi an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Yo deja devlope plizyè estrateji prevansyon ak lit kont maladi a sou fwontyè ant 2 peyi yo”, se deklarasyon Daniel Rivera, minis dominiken Sante piblik la, ki te tou pwofite mande tout moun ki prezante siy tankou dyare pou yo pat chita lakay yo. Responsab la fè konnen dyare kolera lakòz la pa bay doulè men li kapab lakòz yon moun pèdi tout dlo li gen nan kò l jiskaske l mouri. 

Minis lan fè konnen trete maladi sila byen rapid redwi to mòtalite a, men si l pa trete li ogmante l ak 50%. 

Asosyasyon medikal dominikèn nan (CMD) rekòmande pou popilasyon dominikèn nan fè anpil pridans sitou nan zòn ki gen dlo yo sitou larivyè, paske yo kapab kontamine ak matyè fekal. 

Prezidan CMD a, Senén Caba esplike “pandan plizyè fwa te gen ka maladi sila yo ki te resanse an Repiblik dominikèn. Premye dyagnostik la te fèt nan lane 2010 aprè yon moun ki te kontamine an Ayiti te rantre lakay yo”. Li mande Dominiken yo fè atansyon paske kolera mache ak bagay ki sal, sitou sa ki ka kontamine dlo yo. 

N ap raple, se kèk mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, nou te kòmanse idantifye ka kolera yo an Ayiti. Epidemi sa a te fè anpil ravaj nan mitan popilasyon ayisyèn nan, sa ki te lakòz lanmò prèske 10,000 moun, daprè Unicef. Anvan popilasyon an te kwape maladi sa a, li te soufri anpil domaj ak kontaminasyon prèske 820 000 moun.  

Dènye ka kolera konfime nan peyi a te obsève nan mwa fevriye 2019. Twa ane apre, nan dat 4 fevriye 2022, otorite ayisyen yo te finalman selebre eliminasyon kolera a epi t ap tann sètifika ofisyèl eliminasyon an, nou an Oktòb 2022, MSPP alète sou aparisyon maladi a yon lòt fwa ankò, genyen omwen 8 moun ki deja kontamine.  

N ap raple, kolera se yon maladi orijin “idrik” sa vle di ki pwovoke yon dyare “egi” kay moun ki kontamine a epi ki ka lakòz li mouri si yo pa trete l bonè. Medsen yo rekòmande pou fè fas ak maladi a, yon ijyèn men san neglijans, konsomasyon aliman ki byen lave ak kuit, konsomasyon dlo potab epi evite manje manje ki fèt epi y ap vann nan lari. Se youn nan rezon ki fè otorite yo an Repiblik dominikèn entèdi manje kuit ki sot Ayiti vann sou fwontyè a, nan zòn Dajabón.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.