Repiblik dominikèn ekspilse omwen 25 mil ayisyen pou mwa mas la

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn ekspilse omwen 25 mil ayisyen pou mwa mas la
Yon lòt fwa ankò otorite yo nan Repiblik dominikèn voye tounen plizyè milye ayisyen lakay yo an Ayiti akòz yo t ap viv sou teritwa yo a ilegalman.
Pandan mwa mas la, se pou pi piti 25 mil konpatriyòt ayisyen Repiblik dominikèn ekspilse akòz yo t ap viv ilegalman sou teritwa yo a. Daprè yon ankèt GARR, ki se “Groupe d’Appui aux Rapatriés et Réfugiés”, mennen, li revele migrasyon kay vwazen rapatriye lakay yo 25 mil 133 Ayisyen, tout sa san dwa yo pa respekte.
Konsa, GARR te tou pwofite kondane move tretman ajan migrasyon yo an Repiblik dominikèn ap bay migran ayisyen yo pandan pwosesis sila.
“Se yon atitid ki pa ale nan sans trete 2 teritwa yo siyen nan zafè migrasyon”, se sa responsab kominikasyon GARR la, Sam Guillaume, fè konnen.
Li mande pou dirijan 2 peyi yo travay nan tèt kole, nan lide pou sitiyasyon konpatriyòt ayisyen yo k ap viv nan lòt bò zile a ka amelyore.
Depi 2022 Repiblik dominikèn entansifye operasyon li yo kont kominote ayisyèn nan k ap viv lakay li, nan lide pou arete ak voye tounen pa bò isit an Ayiti tout Ayisyen ki pa legal. Lòd sila sòti dirèkteman pa bò kote prezidan dominiken an, Luis Abinader.
Malgre Nasyonzini, atravè Wo komisarya Dwa moun, denonse kondisyon vi san papye ayisyen yo an Repiblik dominikèn ak metòd ekspilsyon yo, epi mande gouvènman dominiken pou pwoteje dwa yo, anyen pa janm fèt. Chak mwa se pa milye Direksyon jeneral migrasyon (DGM) an Repiblik dominikèn voye frè ak sè nou yo tounen, alòske y ap chache sove vi yo kont lamizè, chomaj ak ensekirite.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.