Sòti Delma 95 pou rive Petyonvil atè a pyeje ak nèg ak zam 

Foto : Hector Retamal Agence France-Presse

Depi mouvman pwotestasyon yo nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens, sitiyasyon an vin pi difisil pou moun ale nan aktivite yo kòrèkteman. Anplis wout yo ki bloke, pou w pase nan yon seri zòn fòk ou veye pou w pa viktim swa ransonaj, vòl, elatriye. 

Se ka komin Delma, pi presizeman sou wout Delma, depi kèk tan ki pa sispann fè fas ak yon nouvo pratik malonèt kote pou moto oubyen machin pase, sitou sa ki pote machandiz, fòk yo peye lajan, sak pi rèd la, plizyè fwa. 

Prèske nan chak kafou ki gen yon barikad oubyen yon fil fè ki separe wout la an 2, genyen plizyè jenn gason ki kanpe pou mande moun lajan pou yo ka pase monte. Ti machann ki pran moto pou transpòte machandiz yo, youn pa epanye, si yo pa bay lajan yo riske pèdi machandiz yo oubyen delenkan yo atake yo ak kout wòch, kout boutèy. 

Anpil nan endividi sa yo, nou pa rive idantifye akòz yo toujou bare vizaj yo ak kagoul oubyen mayo, genyen zam sou yo pou menase moun k ap pase pou ale nan aktivite yo, oubyen veyikil k ap pase. Depi Delma 95 pou monte Petyonvil atè a pyeje. 

Quitter la version mobile