Soukomisarya Savann Pistach la a anba presyon bandi 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
soukomisarya savann pistach la a anba presyon bandi 

Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo pran kontwòl Soukomisarya KafouFèy la a ki chita kòl nan lokalite Savann Pistach, twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan. Kèk ajan polis ki afekte nan soukomisarya sa a pat sifi pou konbat presyon atoufè yo. 

Popilasyon an te toutswit lanse yon SOS bay pi gwo otorite lapolis yo atravè estasyon radyo yo pou anpeche yo viktim anba larerè endividi san fwa ni lwa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sitiyasyon an ap vin pi dejenere nan degwann  moun yo k ap itilize wout nasyonal nimewo 2 a, sitou sila yo ki nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan. Byen bonè jodi jedi maten an, endividi ak zam ki regwoupe zòn Gran Ravin, chèf gang « Ti Lapli » ap dirije a anvayi lokal Soukomisarya Kafou Fèy la. 

Ofisye polis yo ki afekte nan pòs sa a te kòmanse twoke kòn ak malfwa yo, domaj yo p at sifi pou anpeche yo pwovoke dega yo, daprè kèk moun ki te rele nan radyo plizyè moun ta blese anba bal. 

Abitan yo dezespere, yo rele pi wo otorite lapolis yo pou vin ede yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.