USAID pote èd bay moun andedan Site Solèy 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
usaid pote èd bay moun andedan site solèy 

Anbasad Ameriken an Ayiti te anonse vandredi 28 oktòb sa a  Biwo èd imanitè USAID te fè livrezon manje nan Pwogram Alimantè Mondyal la bay 6,000 moun nan Site Solèy ki te afekte nan kriz la.  Èd la vini nan yon kontèks kote moun ki rete nan komin lan ap fè fas ak yon nouvo epidemi kolera. 

Daprè yon mesaj Anbasad Ameriken an nan peyi Ayiti te pibliye sou rezo sosyal Twitter a,  li fè konnen enstitisyon imanitè PAM te bay prèske 6,000 moun nan Site Solèy  èd, moun sa yo daprè Anbasad  la, ki te afekte nan kriz ki frape peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Biwo Asistans imanitè USAID a fyè pou l  sipòte Ayiti nan  bay  èd manje , tankou dènye livrezon manje Pwogram Alimantè Mondyal te bay 6,000 moun ki afekte nan kriz andedan Sité Solèy.  Etazini pran angajman pou l ede moun ki soufri grangou yo,” te ekri Anbasad Ameriken an Ayiti. 

Mete sou kriz imanitè ak sekirite a, moun ki abite Site Solèy yo  ekspoze  tou ak viris kolera a ki deja lakòz plis pase 45 lanmò ak plis pase 220 ka kontaminasyon nan peyi a, daprè sa Mspp fè konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.