Vizit Ozetazini : PM Ariel Henry tounen nan peyi a tankou chat ki annafè 

Vizit Ozetazini : PM Ariel Henry tounen nan peyi a tankou chat ki annafè 

Premye minis ayisyen an tounen nan peyi a ayè vandredi a san li pa anonse ni medyatize arive li jan sa konn fèt la aprè yon vizit 2 jou nan peyi Etazini.  Objektif vwayaj sa a se te rankontre yon seri envestisè etranje ki vle vin fè biznis yo nan peyi Dayiti.  Jounalis yo ki te deplase pou granmèsi t ap tann Premye Minis lan nan sal diplomatik Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a. 

Alòske, li te desann avyon li nan ayewopò a san li pa kite pyès moun wè l ni di yon mo sou dewoulman vizit sila a, « se kòmsi se yon chat ki annafè epi ki mawon kay la ». Plizyè douzèn moun te rasanble devan èpòt la pou tann apariyon chèf gouvènman an. Yo pwofite eksprime kòlè yo nan mikwo laprès konsa « Si premye minis lan pa rezoud pwoblem Gaz la, nap bloke peyi an ». 

Kèk tan aprè, yo ta pral mete sou wout ayewopò a yon aparèy ki di « Vizit Premye Minis Ariel Henry te fè Ozetazini an pa apwopriye pou kèk moun » Èske sa vle di Premye Minis peyi a meprize revandikasyon pèp li a nan divès depatman peyi a ki louvri vwa yo pou egzije yon meyè kondisyon lavi ? 

Antouka,  laprès ak peyi a ap tann li yon eksplikasyon nan men Premye Minis lan sou sa ki te di nan vwayaj sa aprè 48 èdtan. 

Quitter la version mobile