Chèf Direksyon Kès ak Rezo Bank Repiblik Dayiti a (BRH), Éric Casséus (Tico) te viktim yon tantativ kidnapin samdi 18 mas 2023 a. Pandan tantativ sila a, Tico te resevwa plizyè bal, sa ki lakòz lanmò li, te anonse Gouvènè enstitisyon Bankyè a, Jean Baden Dubois, nan yon nòt ki pibliye ayè dimanch lan.
Gouvènè Bank Repiblik Dayiti a (BRH), Jean Baden Dubois konfime lanmò yon ekzekitif enstitisyon an. Non li se Eric Casséus, anpil moun rekonèt sou non « Tico ». Gouvènè a te ekri nan yon nòt ki te pibliye ayè Dimanch 19 mas la, Tico te chèf sèvis ki te plase nan Direksyon Kès ak Rezo BRH la.
Daprè Jean Baden Dubois, Éric Casséus te viktim yon tantativ kidnapin anba men gang ak zam, epi te resevwa plizyè pwojektil. Sepandan, Chèf enstitisyon bankyè a di yo te kouri lopital ak Éric Casséus, kote li ta pral rann dènye souf li nan lannwit samdi 18 mas la.
Tico te travay nan sèvis BRH depi 42 lane, se te yon bon anplwaye, yon teknisyen konpetan, senp, koutwa ak respè. Li te dwe pran retrèt li nan 2 semèn, egzakteman 31 mas 2023, te fè konnen entitisyon an.
Nan fen nòt la, Konsèy Administrasyon BRH la prezante kondoleyans sensè li bay paran defen an, madanm li, pitit fi li ak lòt anplwaye li yo. Kidonk, li vle jistis epi bay anplwaye yo touye a jistis tou.
Facebook Comments