Yon anplwaye Sant anbilansye nasyonal ak 2 pwòch li kidnape nan Laplèn

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon anplwaye sant anbilansye nasyonal ak 2 pwòch li kidnape nan laplèn
Ka kidnapin yo pa sispann ogmante dènye jou sa yo. Bandi ak zam leve nan dat 12 novanm ki sot pase a Jean Hertelou Saintil, yon anplwaye nan Sant anbilansye nasyonal, ak de pwòch li nan zòn Laplèn ki twouve l nan komin Kwadèboukè.
Nan yon nòt ki rann piblik jounen mèkredi 16 novanm 2022 a, Sant anbilansye nasyonal (CAN) konfime anlèvman Jean Hertelou Saintil ansanm ak papa l epi yon lòt pwòch fanmi an samedi 12 novanm ki sot pase a nan Laplèn.
Daprè Sant anbilansye nasyonal, nan moman kidnapin sa a, bandi yo ale egalman ak yon machin enstitisyon an, yon pikòp Toyota Jean Hertelou Saintil t ap kondi, ki gen kòm plak imatrikilasyon SE-07164 ak logo enstitisyon an CAN 116.
Nan nòt sa ki pibliye an, Direksyon jeneral Sant anbilansye nasyonal adrese l ak otorite Lapolis ak jidisyè yo an patikilye pou fè yo konnen li pa responsab nenpòt zak ta va komèt ak machin sa ki depi samdi maten twouve l nan men bandi.
Toutfwa, enstitisyon an fè konnen, gen demach k ap fèt pou rive jwenn liberasyon moun yo epi rekipere machin sa a ki se pwopriyete Sant anbilansye nasyonal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.