Yon bilan pozitif pou Violette AC, anvan Lig Chanpyon CONCACAF la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon bilan pozitif pou violette ac avan lig chanpyon concacaf la
Yon bilan pozitif pou Violette AC avan Lig Chanpyon CONCACAF la 
Pou preparasyon ekip Violette AC a nan Repiblik Dominikèn avan Champions League CONCACAF la, Vieux Tigre la fè 4 match fas ekip ki nan premye divisyon dominiken an, pou 4 match klèb ayisyen an fè 2 viktwa, 2 match nil epi pran yon sèl gòl pou 4 gòl make. 
Avan 2 match fas ekip Austin lan nan Champions League CONCACAF la (7 ak 14 mas), ekip Violette AC a reyalize yon bon preparasyon, malgre chanpyona nasyonal la kanpe byen lontan, Vieux Tigre la kenbe fòm li fas ak ekip k ap jwe nan premye divisyon dominiken an : Atletico Pantoja (2-0), Cibao (1-1), Moca (0-0), Vegal (1-0).
Ekip Rony Attimy an prè pou 8tyèm final ale Champions League CONCACAF la fas ak ekip Austin lan. Aprè 4 match fas 4 klèb Dominiken, koyekipye Michenaider Chery yo pare pou match ale Champions League la fas klèb ameriken an.
Dènye match ekip Violette AC a te fini 1-0 fas Vega Real gras ak Roberto Baggio Louima. Klèb Ayisyen an prè pou l al fè yon eksplwa fas ak klèb Texas la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive