Yon dizèn migran ki gen ladann Ayisyen debake nan Jensen Beach nan Floride 

Plizyè Vil Nan Peyi A Te Kontinye Manifeste Ayè Madi 20 Septanm 2022 A  (1)

plizyè vil nan peyi a te kontinye manifeste ayè madi 20 septanm 2022 a  (1)

« Granm matin madi 20 septanm 2022 a, ajan Patwouy Fwontyè Ameriken yo ak patnè yo te reponn a yon ensidan trafik maritim nan Jensen Beach, Floride., » Ajan Chèf Patwouy Walter N. Slosar te rapòte Madi, li te endike yo te arete tout imigran sa yo, nan aterisaj ilegal yo Ozetazini.  

Ajan Slosar presize nan total « 11 imigran  sa yo ki gen plizyè nasyonalite diferan, te arete « .  Ladan yo genyen ki idantifye kòm Ayisyen, Dominiken, Jòjyen.  Sepandan, li pa mansyone kantite ayisyen ki te sou bato a. 

Yo te louvri yon ankèt pou yo kapab konnen kiyes ki  prensipal òganizatè vwayaj klandesten sa, yon reyalite ofisye migrasyon Amerikan yo konsidere tankou  trafik noun. 

Quitter la version mobile