Yon sizyèm match san viktwa pou Inter Milan avèk Simone Inzaghi

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon sizyèm match san viktwa pou inter milan avèk simone inzaghi

Nan match ouvèti 29èm jounen Serie A a, Inter Milan anrejistre yon sizyèm match san viktwa tout konpetisyon melanje avèk nil sa yo fè an deplasman (1-1) sou tèren Salernitana ki aktyèlman 15èm nan chanpyona Itali an.

Nerazzurri yo ki te byen demare match foutbòl sa ki lanse 29èm jounen Serie A a avèk Robin Gosens ki ta pral jwenn ouvèti eskò a sou yon aksyon atakan bèlj la, Romelu Lukaku, te pasè desizif (6’), rate okazyon viktwa sa sou yon gòl yo pran nan dènye minit tan reglemantè an.

Malgre 25 chout nan kan avèk 11 ladan yo ki kadre, Nerazzurri yo kontinye ak seri move rezilta yo an kote dènye fwa yo te genyen yon match foutbòl se te nan dat 5 mas ki te pase an. Inter Milan ki te  dezyèm pandan lontan nan Serie A a dèyè Napoli, kapab kite podyòm lan aprè 29èm jounen an, nan ka Milan AC ak AS Roma ta genyen.

N ap mansyone gwo pèfòmans gadyen Meksiken an, Guillermo Ochoa, ki jwe yon wòl kapital nan rezilta sa jodi vandredi an kote, pandan plizyè fwa, li sove Salernitana ki anrejistre yon senkyèm match nil youn dèyè lòt nan chanpyona Itali an e k ap goumen pou l pa desann nan dezyèm divizyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.