Yon ti gason 10 zan pèdi lavi l san pitye epi pase anba flanm dife nan Solino

Nan katye Solino, jodi vandredi 5 jiyè a, yon evènman trajik pase ki fè tout moun santi yo nan dezespwa ak kòlè. Yon timoun 10 lane pèdi lavi li anba men gwoup ki responsab siveyans katye a. Dapre temwen yo, pitit sa a te di yon bagay ki fè tout moun frisonnen anvan li te rale dènye souf li: li te di se chèf gang “Barbecue” ki te voye l.

Lè timoun nan t ap fè wonn ant mache Peyan ak ri Bèjo, li te vin tonbe nan pyèj nèg ak zam ki okipe zòn Solino. Yo te mande li ki moun ki te voye li, epi repons li te sekwe tout moun, lè l te di se : Babecue, yon chèf gang ki fè tout moun pè.

Lè timoun nan te di se Babecue ki te voye li, moun ki t ap siveye katye a te tire sou li plizyè fwa. Sa yo te twouve ki pa t sifi. Apre sa, yo te fè pi rèd: yo te brile kadav timoun nan.

Trajedi sa montre jis nan ki pwen gang yo konn fè mechanste nan katye yo. Yo itilize menm timoun pou fè travay malonèt yo. Sa fè moun poze kesyon: ki lavni pitit nou si nou pa ka pwoteje yo kont sa yo?

Sa ki pase Solino a se yon apèl pou chanjman. Nou dwe reflechi sou ki jan pou nou pwoteje jenès peyi a kont zak malonèt sa yo epi travay ansanm pou mete fen nan violans sa yo ki ap ravaje kominote ayisyèn nan.

Se sak fè, popilasyon an mande otorite yo pou yo pran mezi nesesè pou pote jistis pou timoun sa a epi pou tout lòt viktim ki sibi menm sò sa a. Se moman pou nou tout leve kanpe kont gang yo ak krim yo pou yon Ayiti ki pi pwòp ak pi sekirize.

 

Source Photo: Ted’Actu

Leave a Comment