10 viktwa youn aprè lòt pou Bucks Milwaukee

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
10 viktwa youn aprè lòt pou milwakee bucks

Bucks Milwaukee bat Los Angeles Clippers (119-106) lakay li epi alinye 10 viktwa youn dèyè lòt. Giánnis Antetokoúnmpo make 35 pwen nan rankont NBA sa, nan lanwit vandredi a. Triyo Antetokounmpo – Lopez – Holiday te reponn pou Bucks yo.

San presyon Bucks yo kase mztz nan men Clippers yo (119-106), epi rete sou yon seri 10 match san pèdi. Clippers yo pat movè nan match la paske plizye fwa yo te pran devan men Bucks yo te ka konte sou Paul George ak Giannis Antetokounmpo pou retounen nan match la.

Dènye match ant 2 ekip, te fosè MVP fè anpil efò, Li te fini match la ak 54 pwen. Je swa Ty Lue te sere boulon Antetokounmpo, ki te gen anpil maladrès nan match la men malgre sa li fini nan rankont lan ak 35 pwen, 8 rebon ak 6 pas.

Depi aprè defèt ekip Milwaukee a pas Detroit (150-130), Bucks yo po ko janm pèdi. Defans yo an parèt solid. Khris Middleton kòm 6zyèm moun nan jwe byen nan plas MVP a, ki te sou ban.

Pou Sen Valanten an, Milwaukee ap jwe yon gwo match kont Boston Celtics yo, ki se yon chòk nan NBA a.

Facebook Comments

Partagez cet article