2 jou prizon ak 25 mil goud kòm amand pou tout moun k ap jete fatra Dèlma

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
2 jou prizon ak 25 mil goud kòm amand pou tout moun k ap jete fatra dèlma

2 jou prizon, yon amand 25 mil goud, se ansanm mezi sa yo majistra Wilson Jeudi pran kont moun k ap pran plezi jete fatra nan lari Dèlma. Nan kad plizyè semèn travay sa meri Dèlma tanmen pou wete fatra ki fin anvlimen komin sa nan dènye tan sa yo, responsab yo nan travay sa mete kanpe yon brigad vijilans pou kolabore ak yo kòmsadwa pou bon jan reyisit inisyativ sila a.

Pandan entèvansyon l nan mikwo laprès, Pierre Robenson ki se responsab mannèv sila, akize chofè ti moto ki konn ap fè vire won kay moun pou jete fatra pou lajan yo kòm moun ki jete plis fatra nan komin Dèlma. Ansanm mezi sa yo daprè Pierre Robenson dwe egzekite sou tout moun, yon fwa li vyole prensib brigad vijilans lan, espesyalman chofè ti moto yo, ki derefize jete fatra yo nan depresif yo ak kamyon Meri ki la pou sa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Responsab la asire, mezi sa yo Majistra a anonse yo ap kòmanse aplike apati semèn lendi 23 oktòb la. Tout moun yo sispèk oubyen yo bare k ap jete fatra nan lari Dèlma kapab pran 2 jou prizon epi peye yon amand 25 mil goud pou rekouvri liberasyon l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.