2 match zanmitay pou seleksyon nasyonal fanm nan pou preparasyon Mondyal 2023

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
2 match zanmitay pou seleksyon nasyonal fanm nan pou preparasyon mondyal 2023

Ayiti ki nan yon gwoup eleve pou Mondyal fanm yo k ap fèt nan peyi Ostrali-Nouvèl Zeland, ap kòmanse preparasyon li nan mwa avril k ap vini la. Grenadye yo gen 2 match zanmitay : fas ekip Nigerya epi seleksyon Panama a. Preparasyon seleksyon ayisyèn ap renmen nan peyi Latiki.

Aprè kalifilasyon istorik Grenadyè yo pou 9vyèm edisyon Mondyal fanm pou kap fèt mwa jiyè kap vini la, Ayiti ap kòmanse estaj li nan peyi Latiki. Grenadyè yo gen 2 tes enpòtan pendan moman estaj sa, youn fas Nigerya epi yon lòt ak Panama.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Preparasyon ekip Ble-Wouj la, ap kòmanse 3 pou rive 11 avril nan peyi Latiki. Seleksyon nasyonal la ki kòmanse preparasyon li yo bonè, paske pou Mondyal 2023 kap fèt sou kontinan Oseyani an, Ayiti ap gen poul toke kòn li ak Angletè(chanpyon Ewo 2022 a) Dànmak epi Lachin (chanpyon Koup Azi 2022 a). Yon gwoup ki pral mande koyekipyè Corventina yo, anpil efò pou yon plas nan 8tyèm final.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive