Categories: SECURITE

3 endividi bwè dlo dan yo jodi mèkredi a, nan echanj kout zam ak Lapolis

Share
Lapolis Nasyonal Dayiti nan yon nòt li pibliye jodi a fè konnen  3 endividi ak zam  ki t ap sekile abò yon motosiklèt nwa, pèdi lavi yo Mèkredi 15 fevriye 2023  sa a nan yon echanj kout zam ak Brigad Entèvansyon Komisarya Taba a.
Daprè sa enstitisyon Polisyè a fè konnen aprè entèvansyon sa a, polisye yo te jwenn 2 pistolè kalib 9 mm ak plizyè anvlòp blan ki gen lèt ladan yo,  nèg ak zam sa yo t ap distribiye bay moun ki abite nan katye sa a.
Anplis de sa, Polis Nasyonal Dayiti a  tou pwofite fè konnen, entitisyon an ap kontinye dechouke lidè gang Vitelhomme ak akolit li yo ki te enplike nan plizyè zak tankou zak asasina ak kidnapin nan vil Taba.
N ap raple, nan kad operasyon “Tònad 1” ki te lanse sou tout teritwa nasyonal la kont gang ak zam yo, kòmandan an chèf PNH la, Frantz Elbé, te bay direktè depatmantal yo ak responsab divès jiridiksyon polisye yo  enstriksyon, yon fason pou yo kraze tout  fwaye gang yo nan peyi a.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by