3 jounen priyè pou delivre zòn Matisan ak zòn ki antoure l yo 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
3 jounen priyè pou delivre zòn matisan ak zòn ki antoure l yo 

Se anba tèm  » Le sang de Jésus liberté pour Haïti », divès kretyen nan fontamara ak Matisan te òganize 3 jounen jèn soti 1ye pou rive 3 desanm pase a,  nan lide pou priye pou delivrans Ayiti espesyalman pou 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan ki anba grif nèg ak zam depi plis pase 16 mwa. Aktivite sa te reyalize nan Fontamara 43 nan yon lokalite ki rele boujoli. 

Rasanbleman sa te rive reyalize aprè yon sonj youn nan kwayan yo te resevwa, ki te gen pou eksplikasyon 3 jou jèn pou peyi Dayiti espesyalman pou 3 sikonskripsyon Pòtoprens lan, daprè sal ta fè kwè.  » Sa gen plizyè lane depi m resevwa sonj lan, m te pwoche kote plizyè responsab nan leta a men yo pat pran ka m , m te menm jwenn mepri kote kèk pastè tou. Poutan plizyè lot Pastè ki fè pati LEFA ak lòt Jenn lidè te resevwa m ak de bwa louvri, sa ki te pèmèt aktivite sa te posib », eksplikasyon kwayen ki pote sonj lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi plis pase yon lane bandi ak zam achte antre sid kapital la ak lajan kontan, sa ki lakoz sitwayen ki abite alantou zòn sa ap monte le syèl pa do. Plizyè nan yo deja pati pou peyi san chapo nan al chèche kote lavi fè kwen, genyen tou se bal mawon. Yon sitiyasyon k ap deteryore chak jou BonDye mete, poutan sa pa menm leve yon plim sou do mouche leta. 

Anpil nan abitan zòn sa reyalize se sèl BonDye ki kapab pote yo sekou, se sak fè yo te debake pa pil pa makòn, pat gen kote pouw te pike zepeng  » Mwen menm mwen chwazi patisipe nan aktivite sa paske m konnen BonDye bezwen fontamara, donk fok gen moun ki kanpe m chwazi vini paskem se yon jèn nan fontamara, paske depi BonDye mande yon bagay li pap Mandel pou gran mesi, m kwè aprè moman sa ap gen Chanjman, map di Kris pou Ayiti, Ayiti pou Kris », deklarasyon Ruchama Poto ki te ansyèn vis chapyòn « Podium quartier ». 

 » Mwen te patisipe nan pwogram sa ak yon santiman de jwa, kote pèp la te met tèt yo ansanm pou yo lapriyè, m kwè depi gen lapriyè BonDye ap aji. Nou te kontan wè anpil pastè ki te met tèt yo ansanm pou reyisit pwogram nan, epi nan dènye jou a chak moun te pote yon fri pou n te ka manje ansanm, sa se yon prèv lanmou, mwen kwè bagay ap chanje paske lèl pral fè jou se lè sal pi fè nwa. Nou rete kwè aprè pwogram sa ap gen yon Chanjman nan peyi a » deklarasyon Sr Yanick ki se yon jèn nan menm katye a. 

Eske aktivite sa ap pote yon Chanjman reyèlman nan peyi Dayiti, ou dimwens, eske nou ka konsidere l kom yon van lespwa sou peyi a, kite nou souligne plizyè lot aktivite espirityèl gentan reyalize deja, poutan siyasyon an toujou rete menmman parèyman. Eske se sèl lapriyè ki ka rezoud pwoblèm peyi a ? 

Kethia Saint Marc

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.