Mondyal 2022 : Fas Mawòk, Morata dwe fèmen bouch moun ki pa renmen l yo 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 fas mawòk, morata dwe fèmen bouch moun ki pa renmen l yo 

Depi mondyal la lanse a, Alvaro Morata gentan fè 3 gòl pou ekip espay la, men sa pa anpeche anpil sipotè nan peyi espay pa renmen l paske li manke fè gòl nan gwo match yo. Jodi madi a, Espay ki te fini dezyèm ap jwe kont ekip Mawòk la, sèl grenn ekip afriken ki rete nan mondyal la.Se okazayon pou Morata fèmen bouch moun ki pa renmen l yo.

Ansyen jwè Juventus la, pa titilè nan pwent atak ekip espay la men sa pa anpeche l gentan fè 3 gòl nan 22e edisyon mondyal k ap fè chemen l nan peyi Kata. Menn si yo pa renmen l, li ap fè yon bon tounwa pou espayòl yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kesyon anpil analis ap poze: eske yon jwè oblije jwenn lanmou tout yon peyi pou l briye ? Oubyen tou eske selektyonè a dwe renmen yon jwè pou l bay bon rezilta? Anpil moun pa renmen Olivier Giroud nan peyi Lafrans, menn sa pa anpeche l briye e mete rekò pendan l ap pote mayo Ble yo.  

Jwe 30 lane a, ap afronte yon solid ekip Maròk, ki poko pèdi nan tounwa, e se yon ekip soude, yon ekip k ap fè istwa nan mondyal sa. N ap raple Maròk se sèl ekip afriken  rete kap defann kontinan afrik la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article