37 moun deja mouri nan maladi deng Repiblik dominikèn 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
37 moun deja mouri nan maladi deng repiblik dominikèn 

Kay vwazen an Repiblik dominikèn, maladi Deng deja touye omwen 37 moun. Aprè 3 nouvo mò akòz epidemi sila, otorite sanitè yo bay gwo alèt sou sitiyasyon an. 

Sistèm siveyans epidemyoloji an an Repiblik dominikèn rapòte gen yon total 37 moun ki mouri akòz yon epidemi deng k ap pwopaje kò l piti piti sou teritwa a. Yo resanse rive jouk 1e Oktòb ki sot pase la, plis pase 6 mil 600 moun ki enfekte ak maladi a. 

Ministè dominiken Sante a enstwi direksyon sanitè yo ki gen nan divès pwovens teritwa a pou yo fè plis efò nan metòd prevansyon kont maladi a ak kèk lòt tankou palidis, leptopiwoz ak kolera, pandan y ap bay priyorite ak kote ki gen plis ka yo, sitou pou maladi deng lan. 

Yo konte tanmen divès operasyon tankou fimigasyon (bay lafimen nan zòn ki gen anpil marengwen), epi netwaye tout kote ki gen ma dlo ki kapab kale marengwen. 

N ap raple, dosye epidemyolojik jiska 1e oktòb yo montre gen yon ogmantasyon ak 242% nan ka deng yo ki depase sa yo te rapòte ane pase a nan menm dat la. Semèn pase a otorite yo te detekte 482 ka pwobab lafyèv deng, 56% se pasyan ki soti nan Santyago, Sendomeng, Duarte, Sánchez Ramírez, La Vega ak San Juan. 

Nan kat dènye semèn yo, mil 737 ka deng anrejistre, pou yon total de 6 mil 601 ki gen ladan 37 mò Komite Odit Klinik Enstitisyonèl la poko odit. Nan nivo nasyonal la, kalite DEN-2 ap sikile, alòske yo detekte DEN-1 nan pwovens Duarte. 

Facebook Comments

Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.