90 moun mouri nan yon atanta teworis nan Pakistan, pami yo 20 polisye

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
90 moun mouri nan yon atanta teworis nan pakistan, pami yo 20 polisye
Yon atanta swisid ki sible yon moske nan kè Pakistan touye omwen 90 moun, epi fè 150 blese ayè lendi 30 janvye 2023 a, nan nòdwès Pakistan, pa twò lwen katye jeneral polis yo nan Peshawar.
Yon gwo eksplozyon fèt nan kòmansman aprè midi 30 janvye a epi lakòz mi Moske a kraze alòske te gen moun ki t ap priye andedan an. Daprè jounal entènayonal yo,  pi fò viktim yo se polisye.
Lapolis peyi Pakistan pran yon gwo kou avèk atak sila k ap demoralize twoup li yo. Aktyèlman otorite yo plase peyi a an eta alèt, epi menm deplwaye “tirè elit” sou plizyè batiman kapital la pou pare ak potansyèl atak ki ka genyen yo.
Premye minis peyi a, Shehbaz Sharif deklare, « teworis yo vle kreye panik nan atake moun k ap defann Pakistan yo ». Sèlman yè swa, otorite yo antere 20 polisye ki mouri, pandan yon seremoni avèk gad onè, yo te aliyen sèkèy yo kouvri ak drapo peyi a.
N ap enfòme, depi plizyè mwa, Pakistan ap fè fas ak yon ensekirite san parèy, sitou depi lè Taliban yo fin pran pouvwa a nan peyi Afganistan 14 dawout 2021 an.
Aprè plizyè lane kalm, atanta yo reprann pou pi bèl sou teritwa pakistanè a. Dwèt yo lonje byen long sou taliban pakistanè Terheek-e-Taliban Pakistan yo (TTP), EI-K, ki se branch rejyonal gwoup djiyadis Eta Islamik la (EI), oubyen gwoup separatis baloutch yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.