Depi aprè Mondyal 2022 a, anpil klèb ewopeyen te vle genyen Enzo Fernandez nan ekip yo. Chelsea fè plizye pwopozisyon pou l siyen jwè a, men Benfica pa t janm mete l dakò sou montan transfè a. Marche transfè a ap fèmen jodi a, sa ki mete ekip Chelsea a nan mache prese pou l siyen jwè a pou 130 milyon ero.
Pou dènye lè sou mache transfè a, Enzo Fernandez kapab rejwen ekip Chelsea a pou 130 milyon ero. Staff Blues yo gentan nan vil Lisbone, kote jwè ap a pase vizit medikal yo.
Men anyen poko di sou desizyon 2 klèb yo, anvan minuit tout moun ap konnen desizyon Benfica sou dosye sa. Men chanpyon Mondyal 2022 a ta sanble anvi vin pote mayo Blues la pou rès sezon an.
Rive Enzo Fernandez nan ekip Chelsea a ap yon lòt ranfò pou klèb la, ki pa anfom ditou pou dènye tan sa yo nan Premier League la.
Facebook Comments