Categories: DIPLOMATIE

Anbasadè Sébastien Carrière prezante prensipal pwoblèm Ayiti yo

Share

Nan yon entèvyou li bay ak medya kanadyen Radio Canada Télé dimanch 16 oktòb 2022 a, anbasadè Kanada an Ayiti a Sébastien Carrière fè konnen koripsyon ak enpinite se pi gwo pwoblèm Ayiti genyen nan kriz l ap konnen an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Pou anbasadè kanadyen an, pou rezoud kriz ki gen nan peyi an, pwoblèm koripsyon ak enpinite an se de pi gwo pwoblèm ki sipoze rezoud, menmsi li rete kwè èd pou ranfòsman Lapolis enpòtan pou kapab kouri dèyè bandi yo e retabli sekirite nan peyi an. 

Fas ak pwoblèm sa yo ki anpeche devlopman peyi a depi deja yon pakèt tan, anbasadè a fè konnen youn nan fason peyi li Kanada, tankou Etazini ak lòt peyi, kapab fè pou ede Ayiti se kòmanse atake pwoblèm enpinite a depi deyò pou rive anndan peyi d Ayiti. 

Pandan entèvansyon sa li fè nan emisyon “Les coulisses du pouvoir” sou Radio Canada Télé, Sébastien Carrière ki t ap kòmante sou sitiyasyon Ayiti an fè konnen demann entèvansyon militè etranje gouvènman ayisyen an ap diskite nan konsèy sekirite Nasyonzini an kote yo pral gade sa ki fonksyone ak sa ki pa t mache nan misyon pase yo. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Canada Sebastien Carrière